Rezo Òganizasyon Nòdwès denonse PHTK e mande ak popilasyon an leve kanpe.

2,961

01/18/2022

Pòdpè_____(TRiboLAND) Nan yon nòt ki pote non Rezo Òganizasyon Nòdwès, plizyè sitwayen manm siyatè tankou :Jean Auguste nan Bè-de-Yèn, Maxeau Noël nan la Pwent Dèpalmis, Kerby Joseph nan Pòdpè, Roselène Étienne nan Janrabèl poun site sa yo sèlman, denonse ekip PHTK (Plonje Hayiti Tou Kanpe) ki sou pouvwa a epi mande ak popilasyon an leve kanpe.



Dapwè yo, depi plis ke 10 lane grate santi, ekip bandi legal pouvwa PHTK yo rive nan pouvwa LETA a, majorite fanmiy ak sektè nan peyi a viktim anba machin san fren an, kidnapping, masak, vyòl sistematik, anba yon ensekirite deta ki mete popilasyon ayisyèn nan bèkèkè ak tout deriv pouvwa PHTK ak alye li yo ap fè kont mas popilè a.

Yo soulinye kesyon kidnapping nan kap flannen nan zòn mòn salin anba je mouche LETA saki lakòz divès kalite fanmiy deja apovri. Manm siyatè yo avanse pou di, se pa sèlman nan zòn Mòn Salin ensekirite a kale kòl, se tout kote andedan peyi a, pami kote sa yo, Wout Nasyonal #5 nan zòn Lestè kote yo fè eta de kidnapping kite fèt sou yonn nan otobis Senjan Batis yo ki asire transpò Janrabèl-Pòtopwens nan maten kite 8 janvye 2022 a.

Yon lòt bò, yo lonje dwèt jouda yo sou otorite jidisyè yo ki nan pakè Pòdpè a, ak direksyon depatmantal polis la, ki yo menm pa janm fè anyen pou kontrekare fenomèn anlèvman san fw`a ni lwà a. Revòlte fas ak iresponsabilite otorite yo, manm siyatè nòt sila a mande ak swadizan otorite yo kap touche kòb taks pèp la ak privilèj, si yo paka pwese-pwese rezoud pwoblèm ensekirite a, yo dwe rekonèt enkonpetans yo epi demaske figi yo devan moun.

Siyatè yo, ki move kou kong kont desizyon malatchong 6 janvye 2022 chèf pakè Pòdpè a, Msye Jean Volney Bellamin te pran, kote l te lanse yon maraton nan lide pou kapab kenbe yon bakòp polis sou wout Basen-Ble / Gwomòn nan. Pou yo menm, kesyon maraton an se yon wout ki louvri pòt pou kesyon kriminalite ak koripsyon.

Pou fini, inisyatè yo fè sòti nòt sa a nan lide pou denonse swadizan otorite konsène yo, men tou sinyale yo ke nòt sa a, se yon kòmansman nan kad demach yo pou fòse otorite pran responsabilite yo pandan yap mande ak popilasyon nòdwès la leve kanpe devan sityasyon san parèy sila.


Genson HYPPOLITE

Comments are closed.