Nan sousi pou ranfòse kapasite sèvis biwo PNCS Grandans lan, Kòdonatè jeneral la realize yon virewon nan Grandans peyi a.

03 – 12 – 2025
Grandans, Ayiti_____(TRiboLAND) Kòdonatè Jeneral pwogram nasyonal kantinn eskolè a, gouvènman anplas lan, pwofesè Kevenot Dorvil realize yon vizit plizyè jou atravè kèk komin nan depatman Grandans lan.
Objektif vizit Kodonatè Jeneral la, se vizite lekòl ki benefisye pwogram kantinn eskolè a, chita pale ak founisè kap vann pwodwi lokal pou fè manje pou elèv lekòl prive kon piblik ki fè pati pwogram lan, yon pwogram alimantè mondyal finanse.
Nan kad vizit sila egalman, Kòdonatè Jeneral PNCS la, Kevenot Dorvil anonse plis resous imèn, materyèl tankou moto, ak materyèl biwo, jis pou rann biwo rejyonal Grandans lan pi pèfòman.






