Mouvman mobilizasyon nan Grandans kont Ariel Henry, okazyone yon mò plizyè blese ak bal e yon arestasyon.

917

01 – 29 -2029
Wozo, Ayiti___(TRiboLAND) Jounen mobilizasyon kont Ariel Henry sou pouvwa an, pou lendi 29 janvye 2024 lan, nan komin Wozo alokòz yon jènn gason ki rele Gilbert Mézier mouri ak katouch sou plas, plizyè blese pa bal anrejistre, pami yo yon fiyèt ak yon enfliyansè rezo sosyo, Charlemagne Exavier ki resevwa katouch nan janm .

Ensidan regretab sa yo rive, nan moman lapolis te rann yo sou wout nasyonal nimero 7 lan, zonn Eskapab, yon fason pou te debloke pasajè ki te abò nan machinn piblik kou prive.

Nan menm mouvman kontestasyon lendi 29 janvye 2024 lan nan Jeremi, lapolis te dispèse yon gwoup manifestan, ki te genyen entansyon al kraze brize, enstitisyon piblik kon prive nan Jeremi.

Comments are closed.