Keksyon moun kap mouri san rete, vinn yon fatalite nan Jeremi ou nan Grandans

891

11- 30 – 2023

Jeremi, Ayiti____(TRiboLAND) Selon konsta sal redaksyon nouvèl TRiboLAND, yon jou pap pase, pou pa genyen yon kadav ki anrejistre bò lanmè, bò rivyè yo, oubyen nan yon seri zòn rekile, kote ki pa abitab.

Anpil vwa nan sosyete depatman Grandans lan, fè konen yo fatige ak zannimo (chyen, kochon, e karanklou) kap manje kadav sitou jenn gason. Se yon seri jèn ke yo fizye pandan lannwit, swadizan pou vòlè ak residivis.

Nan sans sa, manm popilasyon an, mande responsab vwa ri Jeremi an, pou ranmase zòsman moun yo tiye yo, jis pou sa pa koze yon epidemi maladi nan anviwoman an.‎

Comments are closed.