Me kisa TRiboLAND konnen de jounen mouvman “Mach pou Lavi” nan kapital la

225

12\10\20

  • Profesè, responsab pati politik, doktè, pastè, vodouyizan, responsab dwa moun e latrye tap foule beton kapital la nan kad jounen entènasyonal dwa moun jodi jedi 10 desanm 2020 an.
  • Mouvman protestasyon an ki senbolize “Mach pou Lavi” te kòmanse pèzibleman pran jarèt sou plas Konstitisyon an nan Champs-de-mars pou ale kandale desann devan ministè Lajistis yon fason pou fè pase revandikasyon yo.
  • Objektif protestasyon yo te chita sou leve kanpe kont kidnapping, krèy vòlè kap benyen nan kòripsyon, enpidisite, kokorat an matyè gouvènabilite, mouvman gang federe ke pouvwa PHTK enstore, vyòl, degradasyon dwa moun, banalizasyon lavi nan peyi Dayiti, diktatè, ensekirite planifye, bandi legal ak masak ou asasinay ki genyen anpwent pouvwa Jovenel Moise la.
  • Yon mouvman ki te arive paralize sèvis sikilasyon an nan plizyè zòn nan kapital la.
  • Plizyè milye krèy moun tout kalite ki endinye nan sosyete ayisyèn nan te mete tèt yo deyò pou di non a inasèptab ak ensikirite planifye e diktatè. Yo te eskonte plizyè zòn tankou Bois Verna, Lalue
  • Plizyè zòn te anba flanm barikad ki te tap eksprime kolè manifestan yo ki pat mezi re pawòl yo kont chèf leta peyi a.
  • Fòs lòd yo te oblije itilize gaz lakrimojèn pou anpeche derapaj kèk manifestan ke yo di ki tap tire ròch sou lapolis.
  • Anpil moun pat sispann denonse dènye dekrè jango Jovenel Moise la ki avizaje mete yon milis CIA kreyòl nan peyi a yon fason pou enplante sistèm diktatoryàl ak sanginè a pi byen, daprè sa plisyè slogan piman bouk nan pankàt manifestan yo.
  • Mesaj ki te genyen pou delivre devan ministè Lajistis te jwen kontrent ak lapolis ki te entèn souf manifestasyon; alòske mesaj sikonstan Mèt Gédeon Jean an ki se “Nous voulons vivre, aba insécurité, aba kidnapping… te nan pasaj!

Comments are closed.