Ensandi nan Delma 73: plis pase 11 kay bwile atè plat

272

10\14\20

Pòtoprens___(TRiboLAND) Nan yon moman krim pa sispan ap ravaje zòn Delma nan Pòtoprens, popilasyon an ajoute a sa, fè fas jodi 14 oktòb 2020 an ak yon lòt dram dife.

Yon gro tonton ensandi bwile plat atè 11 kay nan Delma 73 toupre Anbasad Kanada pandan jounen jodi mèkredi 14 octòb la. Enfòmasyon yo fè eta de yon boutèy ki ta eklate anba presyon, ki pou anpil moun pa klè ditou ditou.

Plizyè kay disparèt nan lafimin alòske kapasite sèvis ponpye nan kapital la pat kapab reponn ak egzijans yon parèy dram ki pa arive touye moun, men dega yo se men nan machwè! Selon kèk temwen benevòl.

Comments are closed.