Gang sangwen ap itilize jeolokalizasyon teknoloji pou fè kidnapping

995

Nan yon atik ki soti nan yon jounal Miami Herald, gang kap kidnape sitwayen yo nan peyi Dayiti itilize teknoloji jeolokalizasyon pou  komèt zak briganday ou kidnapping.

Jounal nan Eta Florid la konfime ke gang yo, selon jan yo ap mete Jalon ak plan estratejik ke yo ap miltipliye, montre klè kon klewoz ke yo pi byen òganize e pi bye ame ke lapolis.

Selon atik Miami Herald la ki sòti yè mèkredi 29 mas 2023 a, rapòte yon viktim ki ta fè konnen atravè gang yo ke yo te rate li plizyè fwa akoz li tap itilize yon machin BMW, ki ta difisil pou jeolokalize. Konsa, yo konfime key o te arive swiv li aprè ke li tap eseye itilize yon SUV.

Comments are closed.