Citibank riske bloke kont misyon diplomatik Ayiti yo, alòske gouvènman ameriken ap laloz pou pran gro tonton desizyon kont responsab ayisyen yo

522
0
Share:
TRiboLAND

Pòtopwens, Ayiti_____(TRiboLAND) Nan yon nòt toulimen li mete deyò, Ministè Afè Lòt Bò Dlo peyi Dayiti presize ke dispozisyon Citibank pran pou bloke kont bankè misyon diplomatik ak konsilè peyi Dayiti yo sou tèritwà ameriken an, pa genyen anyen pou wè avèk jerans finansyè bwàt diplomatik yo.

Malgre entèvansyon ministè a, pa genyen oken motif ki bay sou dispozitif Citibank lan ki vize bloke tout kont bwàt diplomatik yo. Sepandan, sa pa anpeche genyen enfòmasyon ki ta vle fè kwè ke gouvènman ameriken ap trese lèl pou soti ak yon gro desizyon kont peyi Dayiti avan lontan. Yon seri dispozitif ki genyen pou wè avèk yon seri deriv ak gro dezòd kap pase nan bwàt diplomatik ayisyèn yo sou tèritwà peyi Etazini.

Share:

Leave a reply