Divès malfwa itilize antèt biwo Notè Fetchner Antoine pou bay moun otorizasyon

690

03-29-2023
Pòdpè, Ayiti ____(TRiboLAND) Notè Fetchner Antoine denonse divès malfwa kap itilize so ak antèt biwo li pou bay moun otorizasyon pou al fè paspò timoun.

Notè Fetchner ki di li gen prèv ke malfwa yo pirate antèt biwo li, kote yap bay otorizasyon pou lajan an deyò biwo a; menm jan yo fè sa pou li, li sèten yo fè sa pou lòt notè ki nan depatman an tou.

Notè a mande pou responsab Imigrasyon yo verifye pyès yo e gade si yo otantik, yon fason pou ede yo kouri dèyè malfektè ki fin awoyo nan vil Pòdpè.

Dosye paspò nan peyia, ogmante kantite raketè nan tout peyia kap simaye fo pyès.

Comments are closed.