Fidèl katolik komin Basen-Ble selebre Sen patwon yo, jounen lendi 24 avril 2023 a.

1,134

04-24-23

Basen-Ble, Ayiti_____(TRiboLAND) Se jounen lendi 24 avril 2023 a, fidèl katolik nan komin Basen-Ble, te reyini divès pèleren kite sòti nan divès kwen nan depatman Nòdwès la, pou te vin selebre Sen patwon yo, Sen Jòj. Nan sans sa a, divès pèsonalite tankou : sibtiti komisè gouvènman pakè Pòdpè a, Jeir Pierre, orijinè komin Basen-Ble, te reponn prezan, kòdonatè pati politik “Ansanm nou prale a”, Mèt Eddyson Gervé, otorite polisyè ak lokal, poun site sa yo sèlman.

Nan omeli sikonstans lan, Rev. Pè Cleribert Deliard, envite fidèl yo retounen sou idantite yo kòm moun. Li raple yo pa gen moun san sivilizasyon, sa vle di, san relijyon, san Mès, san koutim ak lang.

Yon lòt bò, Pè a mande ak fidèl yo pa fè pwomosyon pou mal, paske mal la pa gen benefis. Menm jan Jezi Kris mande poun viv byen yonn ak lòt, li enpòtan poun rete soude nan fratènite.

Malgre fèt la te ofri anpil bèl imaj ak anpil bèl koulè, pou anpil moun, ane sa a, fèt la pase an malmakak, paske fenomèn ensekirite a, lakòz dyaspora yo pa patisipe.

Pa gen fèt patwonal san dyaspora, poun repete plizyè moun kite reponn prezan nan kad selebrasyon fèt sila Sen Jòj nan Basen-Ble.

Comments are closed.