Sinik Mizik retounen ak fòs, 3 nouvo mizik k ap fè Nòdwès la souke

172
0
Share:
TRiboLAND

03/02/2026

Pòdpe, Ayiti ______(TRiboLAND) Nan vil Pòdpè, depatman Nòdwès, djaz Sinik Mizik frape fò ak lansman twa nouvo mizik li yo : LEKÒL LAVI A, REZIYE ak SMART GIRL. Depi premye prezantasyon yo, mizik sa yo mete melomàn yo ou fanatik yo ak tout moun ki renmen bon son an tchoutchout. Pawòl yo chaje sans, ritm yo byen monte, epi aranjman yo montre klèman djaz la vini pou l enpoze l ankò sou sèn mizikal la.

Depi aprè retou djaz sa ki te make epòk kote non tankou Papy Love te konn briye, Henry Thomas, Wilkenson Alexis anpil moun konnen sou non Master Keno, ak rès ekip la, Sinik Mizik pa janm sispann fè efò pou leve flanbo mizik la byen wo nan Nòdwès. Detèminasyon yo, disiplin yo ak lanmou yo pou kilti a parèt klè nan kalite travay y ap ofri piblik la.

Sòti twa mizik sa yo se yon pa adisyonèl pou mizik la nan depatman Nòdwès la. Sa montre gen potansyèl, gen kreyativite, epi gen volonte pou kontinye fè mizik viv e briye nan rejyon an. Sinik Mizik ap ekri yon nouvo paj nan istwa mizikal Pòdpè a, pandan y ap rasanble jenerasyon ansyen ak nouvo bò kote yon menm pasyon ki se mizik.

Share:

Leave a reply