KARIKOM : jwèt “tiron san fon” ak “mèt dam” nan kriz politik peyi Dayiti a

07/09/2026
Genyen anpil posiblite pou KARIKOM mete pye’l atè nan jou kap vini la yo nan peyi Dayiti, malgre gaf ak feblès ke enstitisyon karayibeyèn sila deja akouche nan kriz peyi a, sa pa anpeche sitwayen ayisyen yo oblije rete gade sa kap fèt.
Antouka, nan yon nòt ke li mete deyò jounen mèkredi 8 jiyè 2026 la, KARIKOM, ki se yon òganizasyon rejyonal deklare ke li rete kwè se inikman yon angajman nasyonal ak yon jarèt kolektif ki enplike tout kalite patnè nan rejyon an ak nan entènasyonal la, ki kapab fasilite peyi Dayiti kanpe djanm sou 2 pye militè li, kote ke sitiyasyon politik la kapab nòmalize demonkratikman nan enterè mas pèp ayisyen an ak tout kominote Karayib yo.
Fas ak yon deklarasyon sispèk, bouch gouvènman ke Alix Didier Fils-Aimé ta sanble pa gou ditou ditou. Konsa, ta sanble PM pap padap la, ap fè pye sòl. Anpil kritik ta swete wè genyen yon bagay ki fèt; lòt moun estime ke se yon “NUL” ou yon “ZEWO BARE” ki genyen 20 mwa depi ke l’ap grate santi sou yon pouvwa kòm PM, san konte yon adisyonèl 5 mwa dilatwa ak moratwa, kote ke li afiche tèt li kòm likidè peyi ou yon apatrid kap fè e defè nan pyafe nan kriz ak kòripsyon san parèy pou enterè fanmiy ak zanmitay. Anpil sektè kalifye PM Fils-Aimé kòm yon leader enkonpetan ki fè alèji ak solisyone kriz ou pwoblèm!
Antouka, yon evantyèl vizit dekilakyèl KARIKOM nan peyi Dayiti, kòm toujou, se “nad marinad”; li pap pote oken rezilte serye, sinon ke jwèt dilatwa, jwèt “tiron san fon”, jwèt “lave men swiye atè”; semenm kabwit Tomazo yo ki genyen menm Mèt ki pa sispann mete pye sou kou peyi Dayiti e ki detèmine pou eradike ayisyen.
Jimmy Elinor, sitwayen angaje






