Zak kidnapping repran jarèt nan vil Senlwi Dinò ; Lapolis rekipere plizyè viktim e mare kon krab plizyè teworis

Senlwi Dinò, Ayiti_____(TRiboLAND) Aprè yon zak kidnapping ki fèt sou yon enjenyè ansanm ak yon ti madmwazèl bò pon Rivyè Ba nan komin Senlwi Dinò yè aprèmi madi 11 jen 2025 lan. Enfòmasyon yo fè konnen, zak teworis sila ta okazyone plizyè moun ta menm arive blese.
Antouka, selon repòtè TRiboLAND.com nan vil Senlwi Dinò, Direksyon depatmantal Polis Nasyonal la nan Nòdwès peyi a, pat pran tan pou efektye yon seri gwo operasyon pou rapouswiv koupab yo, byen bonè vè 1:00 a.m, jodi mèkredi 11 jen 2025.
Konsa, yo arive retrase taktik mod operatwà kidnapè yo, answit jewolokalize kachèt yo; konsa, fòs lòd yo arive rekipere viktim yo. Swit ak yon parèy operasyon devanjou, lapolis arive mare kon krab yon latriye bandi, alòske popilasyon an nan lokalite Ponm ki te gentan ogadavou maten an, nan bare anwo e bare anba, te arive pase anba kout manchèt yon bandi ke yo ta pral remèt nan va a.
Antouka, selon enfo yo, anpil moun pa etone, aprè arestasyon polisye “Majiste” (yon pwototip ajandre tankou Komisè Muscadin nan Miragwànn) nan vil Pòdpè, gang yo te deja menase ke yo ta pral jere Nòdwès ak gwo dènye modèl zam yo tap montre sou rezo sosyàl yo.






