Pou ranfóse kapasite chènn pénal la nan Grandans, Konsèy Nasyonal Asistans Legal (CONAL) òganize 2 jounen fòmasyon.

12- 13 -2025
Jeremi, Ayiti_____(TRiboLAND) Pou ranfóse systèm jistis la nan Grandans, direksyon Jeneral Konsèy Nasyonal Asistans Legal (CONAL), nan tèt kole ak reprezantan kolektivite depatmantal la, mèt Jacques Robert Juste, ak patisipasyon diferan antite nan chènn pénal la, tankou jij yo, dwayen, komisè gouvènman, polisye, polisyè, jounalis, avoka, etidyan an dwa, yo tout te reponn prezan nan lokal otèl Nounie Hom Deķò a nan vil Jeremi.
Nan kad pwogram sila ki jwenn finansman ministè lajistis ak sekirite piblik, peyi Kanada, pwogram nasyon zini pou devlopman, pwofèsè James Boyard, mèt Genel Pierre, batonye lòd avoka yo nan Grandans, mèt Woosvelt Charles dwayen tribinal premye enstans jiridiksyon Jeremi an, mèt Jean Michelet Seide, sou yon fòm ou yon lòt te, te pale estrateji pou lite kont vyolans kap fèt sou moun an jeneral nan sosyete a.
Se te okazyon egalman pou diferan entèvenan yo, fè remake ansanm eleman ki kapab antrene vyolans nan sosyete a, enpinite pou bandi kap pwan byen sitwayen yo, kesyon vyole sou fanm ak tifi pou’n site sa yo sèlman. Patisipan yo bò kote pa yo te eksprime satisfaksyon yo, pou fason deba a te anime parapò ak lide ki te oryante deba yo.






