Lapli ki pa tonbe pandan yon bon bout tan lakòz popilasyon kap viv zòn mòn koukou pèdi plizyè tèt bèt betay

1,072

03-13-2023

Fòlibète, Ayiti _____(TRiboLAND) Nan yon vizit TRiboLAND reyalize jounen dimanch 12 mas 2023 a avèk plizyè sitwayen kap viv nan zòn Mòn seksyon kominal Lwazo, absans dlo okazyone yo pèdi yon bon valè zannimo ki mouri anba sechrès.

Sitwayen sila yo ki pa konnen ki sen pou yo rele, fè remake tout rivyè yo seche. Konsa, pa genyen mwayen pou yo ta soulaje ak tigout dlo, swaf zannimo yo.

Akote sa, grangou ke moun pat janm wè kwaze pye’l rèdmare nan zòn Lwazo egalman. Yo fè apèl ak tout otorite konsène yo pou pote sekou. Yo pa ka travay paske lapli pa tonbe. Pou kèk sitwayen se paske yo koupe pye bwa. Ayisyen yo detwi pròp tèt yo oubyen kreye pròp tonb yo nan koupe pye bwa”, daprè yon rezidan Lwazo ki konfime bay TRiboLAND.

Nap raple, bagay ki rele bèt volay preske pa egziste ankò nan zòn Lwazo ki fenn debwaze.

Comments are closed.