Bandi sangwen ta sanble atake prizon sivil Kabarè a aswè a, tout polisye yo ta kouri.

986

03-12-2023

Kabarè, Ayiti_____(TRiboLAND) Sous ki pa fenn klè e ki pa kapab konfime, ta fè konnen ke genyen grok out zam bandi sangwen ki atake prizon Kabarè aswè dimanch 12 mas 2023 a.

Menm sous yo ta fè konnen ke genyen polisye ki te nan pòs te oblije kraze rak pou pa kite bandi fè ladènye sou yo. Ki donk, selon kèk sou ki pa verifyab, bandi pa jwen nan moman atak la oken rezistans; sepandan, te genyen anpil mesaj anliy ki tap alète lapolis pou pote ranfò.

Paralèlman enfo yo ta vle fè kwè ke te genyen yon tantiv pou pote ranfò pou kontrekare atak bandi yo ki te andyable; malerezman ta sanble machin ki tap transpòte group polisye te anpann nan yon pwen, bandi yo te tou profite krible ajan sa yo ki te antòtye anba bal. Selon kèk sous ta sanble plizyè nan yo ta blese grav.

Comments are closed.