Vòlè pa sispann pote ale zannimo peyizan yo Nan Lokalite Morace.

1,481

Vòlò pa sispann pote ale pa pil epa makòn, zannimo peyizan yo Nan lokalite Morace, 3e Seksyon Polen – Lakòn

07/28/22
Pòdpè, Ayiti___(TRiboLAND) Abitan nan lokalite Morace, komin Pòdpè, pa konn ki sen pou yo rele akòz volè kap dechèpiye epi pote ale dènye ti zannimo yo posede san konte maladi dyare kap taye banda nan dègonn zannimo yo.

Pou Alcin Fornoudi, anpil fwa yo konnen zannimo a nan savann poutan vòlò gentan fè ladènye sou li. Li kontinye poul di, Savann Morace la te konn ranpli ak divès kalite tèt bèt tankou: bèf, bourik, cheval, mouton, kabrit, poul, kodèn e latriye. Malerezman, vòlò, dizèt, grangou, lamizè ak sechrès ap taye banda e mete zòn nan nan yon sitiyasyon nonretou.

“Pandan map pale avèw la jounalis, vòlò fenk pote ale 2 bèf pou mw” deklarasyon Antoine Nicodème ki se yon abitan viktim ki tap esplike tribilasyon popilasyon ki pa sispan pran sekous ekonomik chak jou ki jou.

Nan lide pou jwenn yon soulajman ak fenomèn sila, abitan yo nan lokalite Morace, kite move kou kong, mande ak otorite yo nan Leta a yon kout men, paske dapwè yo, yo toujou al vote men an retou, yo pa janm jwenn anyen, malgre yo pwòch vil Pòdpè.



Comments are closed.