Pòdpè absans dlo: E pouki DINEPA pa promote sechrès pito!

1,148

02-19-2023

Pòdpè, Ayiti_____(TRiboLAND) DINEPA kontinye ap afiche iresponsabilite avèk enkonpetans atravè plizyè komin anndan peyi a. Yon seri pwojè soupodraj ki pa janm fini, men poutan kite dèyè’l wout andomaje, blokis anjen lou, kanal depotwa yon seri endis palpab ki jistifye gaspiyaj fon entènasyonal donate tankou peyi Espayn yo prokire Ayiti asistans nan dlo potab.

Sa genyen yon katafal lane depi DINEPA ap koutinye voye flè nan depatman Nòdwès la; dènye jilbrèt enstitisyon an, gen pou wè avèk vil Pòdpè. Ou ta di, se yon enstitisyon kap plis fè promosyon sechrès, yon fason pou montre donate entènasyonal yo genyen nesesite pou dispoze plis asistans. Ti gout dlo vin politized! Menm jan ak anpil lòt kote, DINEPA mete moun nan vil Pòdpè ajenou pou “ti gout dlo”! Zòn tankou Mònn Betèl, Nan Orèl, Lakoup, Latandri e latriye, se nan dòmi pou yo reve dlo!

Promosyon pou pa mete ensfrastrikti ki pou fasilite dlo al jwenn kominote sa yo, se sa ki karakterize politik sechrès DINEPA. Konsa, bwa a mare pou popilasyon sa yo, ki an agoni. Yon ti bokit dlo 10goud pase nan 25goud alòske gouvènman Chaloska PHTK a prefere fè gaspiyaj ak kòb kontribyàb yo nan gagote ak siwote lajan sou tèt kanaval nan mitan pil fatra ak yayad.

Kritik yo kontinye ap mande ki wòl DINEPA anndan peyi? Pou ki sa yon parèy enstitisyon fantòm pa prefere fè promosyon pou sechrès? E si DINEPA ta promote sechrès pito, petèt rèv gro mafya politichyen ayisyen kap fè kòb ak mizè popilasyon an ta reyalize atravè yon dezè.

Comments are closed.