Dirijan restavèk kolon kriminèl yo, nan tèt kole ak pwisans kolonyàl yo moute volim efondreman Ayiti a e livre Solino bay gang kap travay pou yo.

11 – 16 – 2024
Aprè Leta ayisyen ak tout CPT an livre Solino bay bandi sansal ki mare sosis yo ak blan kriminèl etranje, moun Solino tankou moun Nazon, Kriswà elatriye, oblije anvayi yon espa tè nan Delma 32 ki rele gro businessman “Akra” chèmèt chèmètrès.
Enfòmasyon kap sikile, dekri yon veritab egzòd latriye moun ke tèworis fè kouri anba kout zam fann fwa. Enfòmasyon yo fè eta de yon katafal moun ki mouri e bles, alòske Lopital Lapè ki ta sanble inik lopital ki asète louvre, deklare yon pa genyen mwayen lojistik ou adekwàt pou akomode latriye viktim kap debake masivman sou yo chak jou ki jou.
Se kri arama! Ti lèzanj tout kalite ke yo pote sou bwa, sa yo pote anbandoulyè ak sa ki kenbe ke wòb manman, tap kraze rak nan yon anbyans kanaj ak detrès pou sove po yo. Bandi tèworis yo kraze brize, yo piye, vyole e bwile yon bon valè kay san limit. Selon obsèvasyon, livrezon Solino montre trè klè yon lòt fwa akò avèk ki odas, san lawont swadizan otorite konplotis ak antite kriminèl nan entènasyonal la, yon lòt fwa ankò ap vanse avèk egzekisyon plan “destabilize pou fè dap piyanp” lan, nan livre lokalite Solino bay bandi je fèmen!
Sepandan, li enpòtan pou sinyal ke Akra ki se mèt gwosè bout tè ke popilasyon an anvayi nan Delma 32 a, te arive fè ak prezans li nan kad senpatize fas ak doulè fyèl anmè sitwayen yo. Konsa, li te menm envite yo òganize yo ou degaje yo sou teren an jan ke yo kapab, daprè sa yon viktim deklare nan mikro “Moun Afè Bon TV”.
Nap raple, selon yon seri enstitisyon kap ankete, efondreman ou agoni peyi Dayiti atravè gang yo, genyen anpil pou wè avèk zam blan ameriken ki anvayi moso tè Desalinn nan.
Enel Richard, Pòtopwens







Mèsi pou enfo a
Fondation Triboland Mombin-Crochu
Mèsi pou enfo a.
Fondation Triboland Mombin-Crochu