Lidè Pitit Desalin nan, Reginal Pierre, mande majistra Gaston Estima ak DGI kanpe ak posesis vann tè nan mache Rivyèba a.

837

03 – 13 – 2024

Senlwidinò, Ayiti___(TRiboLAND) Nan yon konferans pou laprès nan komin Senlwidinò, lidè Pitit Desalin nan, Reginal Pierre, mande majistra Gaston Estima ak tout DGI, kanpe ak posesis vann plas nan mache a ak gwo negosyan yo pou mete timachann yo deyò nan plas yo okipe depi 25 lane.

Mesye Pierre pwofite okazyon an pou l fè konnen, yo gen pwojè pou konstwi yon mache modèn pou popilasyon an, yon pwojè ki deja planifye bò kote enteryè.

Deplase timachann yo pou mete gwo biznis, se kreye plis mizè nan mitan popilasyon sa kap chèche lavi chak jou ki jou anba flanm dife lanfè mache a.

Comments are closed.