Absans dlo nan Komin Senlwidinò riske kreye yon kriz imanitè

1,110

03-11-2023

Senlwidinò, Ayiti___(TRiboLAND) Absans lapli nan komin Senlwidinò poze gwo pwoblèm pou moun jwenn dlo pou sèvi; Konsta yo bay anpil grok è sote ak majorite rivyè yo kap seche. Sa anble kesyon tigout dlo potab pou bwè devni yon gaz ki ra pou moun jwen. Abitan yo oblije tonbe nan fouye trou nan galèt deseche rivyè yo, jis pou dekrase tigout dlo sal.

Si genyen yon kote ki poko deseche, sa pa vle di genyen bon dlo pou sa. Ti dlo yo arive boske a chaje ak polusyon, vye matyè salte tout kalite. Konsa, li okazyone maladi tankou : dyare, vant mòde, vomisman e menm lanmò nan popilasyon timoun ak granmoun nan.

Selon kèk sitwayen ak stwayèn ki tap lave epi pran dlo pou bwè nan tisous nan bò rivaj la, yo fè kwè si pa gen yon men leve pou gen kèk pwi ki fouye nan zòn san pèdi tan, pita se pi tris!

Antouka nou rive kote nou ta prale a! Ayiti ap pare la pou pran sekous yon lòt pi gro dram imanitè: disparisyon dlo nan yon anvironman ke pròp pitit li detwi nan fè chabon ak nan fwajilize yon ekosistèm kap maltrete depi plizyè syèk! Dlo se lavi e absans dlo se lanmò ou disparisyon!

Pierrilien Nicol Colly

Comments are closed.