Rara Yayad, yon rendevou nan kilti peyizan an, malgre pwoblèm tout kalite, li toujou o rendevou.

880

03 – 30 – 2024

Jeremi, Ayiti____(TRiboLAND) Danse Rara, tankou lòt disiplinn dans yo, se yon gwo randevou, sitou pou peyizan ki soti nan milye riral yo; yon anbyans ki pa negosyab, bon tan kou move tan.

Pi souvan bann Rara yo, ki soti nan seksyon kominal yo, atravè diferan komin depatman Grandans lan, debake nan chèf lye a, ki se Jeremi, ko te yo pase plizyè jou nan Jeremi, danse kay an kay, e selon jenerozite chak moun nan sosyete a, souvan bay bann Rara yo tchotcho ou yon ti mwayen lajan.

Lòt posibilite pou bann Rara yo rantre lajan, se patisipasyon nan gran konkou ke manm sektè prive yo genyen abitid òganize nan peryòd paskal la, kote yo renmet Rara ki pèfòme ak fè pi bèl chante a, prim pou ede yo reponn ak bezwen.

Men kanta, leta Ayisyen, depi aprè dis fonksyonman palman Ayisyen an, leta pa bay yon goud Lesko pou meri yo ôganize aktivite Rara Yayad nan Jeremi kou nan rès komin depatman Grandans lan.

Comments are closed.