Nòdwès Edikasyon : Fondasyon TRiboLAND reyisi premyè jounen fòmasyon gratis sou fabrikasyon pwodwi chimik nan Lavo

1,203

03-10-2023

Lavo, Ayiti ___(TRiboLAND) Plis pase 120 jèn te reyini jodi vandredi 10 mas 2023, nan “Église Christ Vivant de Lavaud” ki trouve’l nan Riyèl Larat pou asiste premyè jounen fòmasyon gratis sou fabrikasyon pwodwi chimik.

Jèn yo aprann fè anviwon 7 pwodwi nan premyè jounen an, tankou: mistolin, mayonèz, tabasko, esans, konfiti bètrav ak faboulozo. Yon jounen fòmasyon ki se yon reyisit total gras ak sipò Staff Direksyon TRiboLAND an konplisite avèk komite “Akò TRiboLAND nan Lavo”.

 TRiboLAND kontinye sou menm lanse a, ki se fòme jèn yo san yo pa peye yon goud Lesko ni pou patisipasyon, ni pou dokiman ak sètifika. Inisyativ sila pran nan objektif pou kontinye batay kont delenkans jivenil, ak pèmèt jèn yo gen yon konpetans abilite nan metye manyèl.

Nap raple, plizyè pilye tankou : Ytchmuth Corneille ki reprezante TRiboLAND nan depatman Nòdwès la tef è ak prezans nan kad demaraj ou lansman 2 jounen fòmasyon an.

Comments are closed.