Radio Marconi ak Mèt Ychmuth Corneille selebre fèt yo an gran panpan nan vil Pòdpè

07 – 30 – 2024
Pòdpè, Ayiti _____(TRiboLAND) Radio Marconi selebre 5 lane depi lap bay popilasyon nòdezyèn nan. Li emèt depi Pòdpè sou 91.5, nan Ri Benito Sylvain avèk yon ekip solid. Responsab Radio Marconi yo fè anpil efò pou rete nan liyn radyodifizyon ak misyon radyo a ki se: fòme, enfòme ak distrè oditwa a.
Pòdpè, Ayiti_____(TRiboLAND) Pandan 5 lane konsekitiv, Direksyon Radio Marconi toujou make yon seri gwo epòk tankou fèt Nwèl, fèt fen dane, fèt Manman kote yo toujou akonpanye moun nan tout kouch sosyete a selon sikonstans lan. Radio Marconi ak TRiboLAND se 2 enstitisyon ki travay nan yon etwat kolaborasyon nan zafè kenbe moun yo enfòme nan tout mond lan.
Jounen 30 jiyè a, fèt Radio Marconi kowenside ak fèt Mèt Ychmuth Corneille anpil moun konnen sou non Rambo, PDG estrikti medyatik sa ki fè fyète divès odyans nan depatman Nòdwès la.

PDG Rambo, trènen dèyè li yon long karyè nan radyodivizyon. Li genyen plis pase plis pase 30 ane eksperyans kòm jounalis pasyone e pwofesyonèl kap desèvi tout Nòdwès peyia.
Mèt Ychmuth Corneille ak Radio Marconi ap kontinye sèvi popilasyon an malgre tout difikilte yo ta kapab rankontre. Ekip TRiboLAND lan swete Radio Marconi ak Mèt Ychmuth Corneille bòn fèt e siksè kontini.