Otorite yo nan lapolis ak lajistis Tigwav, tanmen yon operasyon detente vit machin.

841

03-10-2023

Tigwav, Ayiti ___(TRiboLAND) Komisè polis Tigwav la, Jean Bellamy Samedi nan tèt kole ak chèf pakè jiridiksyon an, Pierre Elioth Paul, tanmen jounen jedi 09 mas 2023 a, yon operasyon “detente ou demaske vit machin” epi arete divès chofè taksi moto wondonmon kap woule san plak imatrikilasyon nan komin nan.

Komisè Jean Bellamy Samedi

Chèf polis santral Tigwav la, esplike ke yo pran dispozitif sa yo se pou detente ou demaske vit machin ki pa otorize an menm tan arete chofè taksi moto kap woule san pkak yo. Nan gro yon parèy desizyon, gen pou wè avèk kouri dèyè fenomèn ensekirite a, yo di ki ta sanble vle parèt tèt li timidman nan jiridiksyon an.

Pi lwen, komisè Samedi nan kad entèvansyon li, deklare ke yo deja konfiske plizyè machin vit tente ki pa genyen otorizasyon ak divès moto kap woule san plak imatrikilasyon.

Toutfwa, nimewo 1 polis la nan Tigwav, lanse apèl bay tout moun kap kwondwi machin ak vit tente ki pa otorize ak chofè taksi kap kondwi moto san plak ke lapopo ta sipran’n yo, yap pwosede ak arestasyon yo epi konfiske yo.

JOICY Arnold

Comments are closed.