Duckens Nazon mete prim Mondyal 2026 la sou edikasyon ann Ayiti

100
0
Share:
TRiboLAND

10/06/2027

Ayiti ______(TRiboLAND) Atakan seleksyon nasyonal ayisyen an, Duckens Nazon, anonse li deside bay tout prim kalifikasyon pou Mondyal 2026 la pou yon pwojè edikatif an Ayiti. Nan yon piblikasyon sou Instagram li fè yè lendi 5 oktòb 2026 la, li fè konnen desizyon sa a se yon angajman li pran ak tout kè li.

Nazon fè konnen pwojè a pral prezante nan jou k ap vini yo. Li di objektif li se pa chèche glwa ni felisitasyon, men pito montre li posib pou chak moun fè aksyon konkrèt pou ede peyi a, sitou nan domèn edikasyon ak pou jenerasyon k ap vini yo.

Atakan ayisyen an lanse yon apèl bay tout moun ki gen mwayen pou kontribye nan devlopman peyi a. Li ankouraje yo envesti nan peyi a, nan jenès la ak pou lavni paske daprè li, «chanjman n ap tann pou Ayiti a dwe kòmanse atravè nou menm tou. »

Share:

Leave a reply