Gro kout filè : Lapolis nan Okay arive boske twa bandi ki soti nan zantray gwoup gang sangwen Village de Dieu a

348

03/16/2021

Okay_____(TRiboLAND) Lapolis nan Okay fè yo gro kout filè ki gen nanm, kote ke yo poze lapat jodi madi 16 màs 2021 sou , Michelin Hilaire, Guerson Delile ak Roberto Gaspard nan zòn Bergeau nan depatman Sid peyi a.

Bandi sangwen sa yo ki ta sanble yo te nan danse kole ak group gang “5 Segonn” ke “Izo” ap dirije nan Village de Dieu, yon zòn non dwà ki pa sispan fè popilasyon ayisyèn nan kriye.

Antouka, selon kèk sous otoritè, twa bandi sa yo ke otorite Okay yo mete anba kòd la, te nan yon misyon espesyàl yon fason pou yo te ale bay manman youn nan chèf gang (Manno) Village de Dieu yo sekirite nan komin Chadonyè, nan depatman Sid peyi a.

Kèk obsèvatè remake ke feblès tout chèf gang gen pou wè avèk sousi ke yo genyen pou manm fanmiy yo; konsa, mèyè fason pou otorite ki pa defakto yo ta arive mete fen nan mouvman gang ak kidnapping lan, se kreye yon antite ou zouti legal ki jwen apwi tout pouvwa yo anndan peyi a ki kapab arive kidnape fanmiy gang yo tou, jan sa arive fèt nan peyi Meksik ak Kolonbi, kote ke otorite yo arive desann konsiderableman aktivite gang ak kidnapping lakay yo avèk yon parèy taktik.

Comments are closed.