Tigwav Aksidan motosiklèt: 4 moun blese gravman, pami yo 2 elèv lekòl.

897

03-10-2023
Tigwav, Ayiti ___(TRiboLAND) 4 moun blese gravman grav nan yon aksidan sikilasyon ki angaje yon motosiklèt nan Ri Repiblikèn anfas Biwo Finans Tigwav la, jounen vandredi 10 mas 2023 a, ozanviwon 1è nan aprèmidi. Genyen apeprè 2 elèv lekòl ki blese pami viktim yo.

Selon kèk temwen, aksidan ta pwodwi, nan neglijans chofè taksi moto a ki te pote 2 ti elèv lekòl; moto a al frape ak yon lòt chofè taksi ki limenm te sou bò pa li.

De lèzanj elèv ki viktim yo, daprè paran yo, yo te lekòl nan Limyè Dayiti. Se te anijans yo te transpòte blese yo nan yon sant sante nan rejyon an, ko te ke yap pran swenyaj medikal.

Nap siyale, se chak jou Bondye mete, lopital resevwa yon latriye ka daksidan; sepandan genyen anpil ladan yo, enstitisyon an pa kapab reponn ak egzijans yo akoz absans materyèl ak medikaman selon enfòmasyon ki disponib.

JOICY Arnold

Comments are closed.