Fòmasyon gratis Fondasyon TRiboLAND rive sou yon latriye jèn Nan Gayak

12/18/2025
Jan Rabèl, Ayiti______(TRiboLAND) Fondasyon TRiboLAND, yon lòt fwa ankò fè koze nan Ba Nòdwès, patikilyèman nan lokalite Nan Gayak ki yon bon distans komin Jan Rabèl, kote ke jodi jedi 18 desanm 2025 lan, fòmatè ou teknisyen chimi ki soti nan zantray TRiboLAND, ateri e delivre yon seyans fòmasyon gratis ki te chita sou fabwikasyon pwodwi chimik.
Plis pase yon senkantèn jèn fanm ak jèn gason ti soti nan kèk kontre tankou Kademe elatriye, te fè santi patisipasyon yo nan yon parèy sòlòkòtò aprantisaj, ke anpil nan yo pat kapab arive kwè ki menm rive pote sèvis la jis lakay yo.
Seyans travay yo te plis chita sou fabwikasyon diven, jèl jelatina, savon likid, penti, pomad elatriye. Gras ak yon jèn chimis enpekab ki rele John Kervens, e ki pa sispann fè non li nan transfòme yon seri pwodwi lokal, te pwofite fè tout sa ke li kapab pou dote chak patisipe enstriksyon ak teknik pwatik e nesesè ki kapab fasilite yo fè fas ak pwoblematik ayisyen ki ap ravaje ou toufonnen jenès Ba Nòwès la.
Se te gwo bwavo ak lakontant man; genyen menm patisipan ki menm arive pete kriye pou fason sèvis gratis la rive menm vinn delivre lakay yo. Yo pwofite, lonje dwàt jouda, sou yon latriye swadizan pwogram tèt bòbèch raketè ki kase men yo; pran lajan yo sou pwetèks yo pwal ouvwi pwogram e disparèt san sèvis la pa delivre.
Antouka, lokalite nan Gayak te pwofite genyen yon konvèsasyon ak DG TRiboLAND lan, ke yo te swaf tande. Anpil bèl kesyon te debat; flanm remèsiman yo te menm predomine antretyen an ki te men dire plis pase yon kadè aprè fòmasyon an ki te bout vè 4 è nan apremidi.
Antouka, pou anpil nan patisipan sila, se te yon veritab kado Nowèl pou anpil jèn nan lokalite Gayak ki pa tap janm arive kwè ke genyen moun ki panse egziste.







Nou ye kontan resevwa TRIBOLAND nan Ba NÒDWÈS (Nan Gayak)
Jèn, Iri, Kademe te kontan resevwa ou pou si bèl fòmasyon sa a.
Jèn, Iri, Kademe te kontan resevwa ou pou si bèl fòmasyon sa a.
Merci monsieur Nelson pour les compliments!