Sekretè deta alfabetizasyon gouvènman anplas la, pwofesè Mozart Clairisson fè lansman ofisyèl pwogram Alfabetizasyon pou depatman Grandans lan.

267
0
Share:
TRiboLAND

11 – 22 – 2025

Jeremi – Ayiti (TRiboLAND) Anprezans divès otorite etatik ak manm sosyete sivil òganize a nan Grandans, sekretè deta pou alfabetizasyon gouvènman KPT – Fils Aimé a, pwofesè Mozart Clairisson, ki te akonpaye mis Kettelene Charite, lanse ofisyèlman pwogram alfabetizasyon an ki vize alfabetize yon milyon senk san mil granmoun ki pa konn li ak ekri nan Grandans Sid la.

Nan kad pwogram sila, depatman Grandans lan, ap benefisye plizyè dizènn sant fòmasyon, pou aprann granmoun, peyizan, komèsan, agrikiltè ak pechè pwason yon fason pou yo kapab develope pi bon kapasite sou mache travay la.

Daprè sekretè deta alfabetizasyon an, medam yo dwe okipe premye plas kom benefisyè pwogram lan; paske se fanm ki plis nan sosyete a, e genyen plis fanm ki pa konn ni li ak ekri atravè depatman yo, patikilyèman nan depatman Grandans lan, selon ́done enstiti estatistik ak enfòmatik (IHSI) yo.

Share:

Leave a reply