Lameri Tigwav tanmen yon kanpay ramase fatra nan vil la.

996

03-05-2023

Tigwav, Ayiti ___(TRiboLAND) Lameri nan vil Tigwav tanmen yon kanpay ramase fatra jounen vandredi 03 mas 2023 a, nan lide pou kenbe vil la pwòp malgre fèb mwayen yo di yo genyen.

Plas Abèy, la Hat, ri Repiblikèn bò lopital, Nan Bannan, ri Dèvin, se kèk zòn Lameri Tigwav deja netwaye. Responsab yo deklare yo detèmine pou lage koukourouj dèyè fatra nan site Faustin Soulouque la..

Yon lòt bò, lameri repwoche sèten manm nan popilasyon an, yo di ki pran plezi yo lage fatra nenpòt kote nan vil la, aloske kamyon fatra kon kanpe nan yon zòn pou yon bon 3è tan jouk li ale pa jam genyen yon moun kap vin depoze yon sak ou byen sachè ki genyen fatra nan machin nan; se pandan kon machin nan deplase yo plen espas ki apèn netwaye a pirèd ak fatra, se kòmsi se yon kote ki pat jam netwaye.

Toutfwa, lameri ankouraje menaj yo pou pa jete fatra nenpòt kote nan la ri a. Li ta plis swete wè sitwayen yo rete tann lè machin nan ap pase nan zòn yo abite olye yap sal vil la ak fatra.

JOICY Arnold

Comments are closed.