Lapolis Nasyonal Dayiti parachite plizyè lòt dwonn pawezaj anlè tèt Vilaj Dedye ankò

36
0
Share:
TRiboLAND

Pòtopwens, Ayiti______(TRiboLAND) Fòs lòd ayisyèn yo fè yon gro pote boure manman penba nan sant vil Pòtopwens lan jodi lendi 14 avril 2025 lan. Enfòmasyon yo fè konnen, yon valè 5 dwonn eksplozif enstitisyon PNH la, tap paweze nan basyon chèf gang Vilaj la, Izo.

Anpil panik te anvayi kan bandi yo nan rejyon metropolitèn lan, patikilyèman nan anvironman Vilaj Dedye ak Estad Silvyo Katò. Antouka, dega yo kòm toujou ta sanble pa fè resèt. Kèk kritik ki pa pran otorite yo oserye ta deklare se bwi sapat ak bwote dlo nan panye banbou.

Share:

Leave a reply