Yon bèt ki rele eskolit ap detwi plizyè plantasyon kafe nan premye seksyon Kasanèt nan komin Bomon

1,126

Kazèk premye seksyon Kasanèt nan komin Bomon, Jean Markes Dorlus poze pwoblèm yon epidemi pichon sou diferan plant yo ak yon bèt ki pote non eskolit ki finn detwi kafe nan seksyon an.

03- 05- 2023

Kasanèt, Bomon, Ayiti____(TRiboLAND) Premye seksyon kominal Kasanèt nan komin Bomon, pa twò lontan sa te yonn pami zòn nan depatman Grandans ki te yon referans nan zafè kafe. Seksyon an te konn viv gras ak resous agrikol ki te kore ekonomi peyizan seksyon an, daprè sa Kazèk Pierre Markes Dorlus rapòte nan mikro TRiboLAND.

 Ekonomi tout rejyon an, te repoze resous agrikòl yo, patikilyèman sou kafe. Peyizan yo te toujou regle tout sa yo te genyen pou regle ak lamama ki te dekoule sou pwofi agrikòl yo.

Poutan, depi yon bon boutan, yon epidemi pichon ki pote non “eskolit” mete plantasyon kafe nan zònn Kasanèt ajenou. Peyizan yo dekri espès la tankou yon timyèl ki antre anndan grenn kafe e manje konplètman.

Djak sou djak, lapli pa tonbe depi plizyè mwa; ajoute ak sa, bet pichon parazit laapli pa tonbe depi plizyè mwa , makònen ak parazit la vinn mete apse sou klou kote ke yo mete ajenou pwodiksyon kafe nan komin Bomon, espesyàlman nan seksyon Kasanèt.

Nan sans sa a ,kazek Pierre Markes Dorlus mande Ministè Agrikilti ak patenè entènasyonal yo pote ranfò fas ak sitiyasyon an ki besewn yon atansyon soutni.



Comments are closed.