Pati politik pitit Desalin branch Nò, anonse yon gwo soulèvman pou lendi 29 janvye kap vini la.

849

01 – 25 – 2024

Kap-ayisyen, Ayiti____(TRiboLAND) Nan yon nòt ki pote non pati politik Pitit Desalin jounen mèkredi 24 janvye 2024 la, yo mande ak La polis pou akonpanye yo nan yon gwo soulèvman jeneral ki prevwa òganize nan dat kap lendi 29 janvye 2024 la.

Andedan nòt sa a, responsab pati a bay 3 rezon ki pèmèt y ap pran lari a, pami yo: pri pwodui yo ki kontinye ap grenpe mi, pwoblèm ensekirite a ak fen manda Premye minis prezidan Ariel Henry an k ap fini 7 fevriye pwochen, dapwè jan yo te enpoze li bay nasyon ayisyèn nan.

Mobilizasyon an ap gen pou li kòmanse nan Kafou Madlin, Wonpwen Samari, Vètyè, Ri 22 L, Anba Ravin nan 10 zè nan maten e lap gen pou li fini Vètyè nan 3 zè aprèmidi.

Comments are closed.