Biwo Office Nationale d’Identification (ONI) pran dife: dega yo mwen konsideràb

261

09\13\2020

Pòtoprens_____(TRiboLAND) Nan lanwit samdi 12 septanm pou rive dimanch douvanjou 13 septanm 2020, moun yo pa arive idantifye mete dife nan biwo Office National d’Identification (ONI) ki sou Bourdon a, nan Pòtoprens.

Daprè yon sous anonym ki pròch ak ONI, dife a tap trese lèl depi vè 11:00 pm pou rive jiska minwi e dega yo pa si sevè sinon ke kèk ofis ki andomaje avèk flanm.

Sepandan, aktivite biwo ONI yo atravè peyi pa bouke jwen anpil kritik ak mank konfyans. Pou anpil sitwayen, se yon bwàt Leta ki chita sou trik ak mèt dàm yon fason pou prepare yon evantyèl krim elektoral atravè kat (dèmalòg) idantite elektè yo.

Anatandan ankèt jidisyè yo antame e revele pwensipal koz dife a, kapital peyi a, Pòtoprens pa sispan pran gro lanm tansyon ak endinyasyon nan dènye 24 èd tan sa yo.

Comments are closed.