Bonbadopolis : Popilasyon Platfòm denonse yon sèten Jose yo akize dèske li ranmase lajan sou dosye viktim kolera

202
0
Share:
TRiboLAND

09/13/2026

Bonbadopolis, Ayiti _____(TRiboLAND) Plizyè moun nan seksyon kominal Platfòm, komin Bombardopolis, leve vwa yo jodi samdi 12 septanm 2026 la pou denonse yon sèten Jose, yo akize dèske li te ranmase lajan nan men yo sou baz yon inisyativ legal ki ta vize dedomaje moun ki te viktim maladi kolera. Daprè temwayaj kèk manm nan popilasyon an, Jose ta mande moun yo bay lajan nan kad demach sa a, pandan li t ap fè yo konnen chak moun ki patisipe ta kapab benefisye yon montan 50 mil goud.

Moun ki di yo viktim yo fè konnen Jose te ba yo garanti demach la te serye, paske, daprè sa li te di yo, otorite yo te okouran de inisyativ la. Se sou baz konfyans sa a, yo eksplike, plizyè moun ta remèt lajan yo ak menm fè eksè prete. Men, jiska prezan, yo di yo pa wè rezilta yo t ap tann nan, sa ki fè dout ak enkyetid ap grandi nan mitan popilasyon an. Yo konsidere sitiyasyon an kòm yon zak ki merite ankèt pou etabli verite a ak responsablite chak moun ki enplike.

Devan sitiyasyon sa a, moun nan Platfòm mande otorite ki konsène yo pran dispozisyon ki nesesè pou verifye akizasyon yo epi, si gen prèv enfraksyon, mete aksyon piblik an mouvman kont malfwa Jose.

Share:

Leave a reply