Chansòlm: Hodes Mertil, premye sitwayen komenn an, afiche enpwisans li douvan soufrans popilasyon an

355


Chansòlm, Pòdpè____(TRiboLAND) Abitan nan komenn Chansòlm, depatman Nòdwès, ap fè faskare ak tout kalite pwoblèm tankou chomaj, mizè, grangou, lavichè san konte goud la ki pa sispann pran pataswèl douvan dola ameriken an

Majistra Hodes Mertil

Premye sitwayen komenn sa a, msye Hodes Mertil ki di li enpuisan douvan mizè mas pèp sa a ki pa konn ki sen pou li rele, kritike gouvènman anplas la li di ki pa mete oken Pwogràm Sosyal pou akonpanye pèp saa ki kontinye ap naje nan mizè.


Majistra Hodes kontinye pou l di chen grangou pa jwe. Sitiyasyon mizè sa a lakoz popilasyon an vinn pi vyolan yon mannyè pou l arive mete men nan bouch.

Majistra Hodes Mertil fini pou l raple wout agrikòl, bank agrikòl, kreyasyon anplwa, baraj sou flèv Twarivyè pou moun yo kapab mete manje nan bòl yo, se kèk pami yon dividal pwomès chèf leta a, msye Jovenel Moïse, te fè popilasyon Nòdwès la ki toujou rete aloral.

Saint Jean wiskis, TRiboLAND
3600 1195
4204 2561

Comments are closed.