Plizyè antite siyen yon pwotokòl dakò pou reyabiliite twonson wout Pòdpè /Jan-Rabèl la.

1,220

44.5 kilomèt twonson wout sòti Pòdpè pou rive Jan-Rabèl pral reyabiliite, se benediksyon pwojè “Agrikilti ak devlopman riral Kominotè”.

03-06-2023

Pòdpè, Ayiti____(TRiboLAND) Plizyè Direksyon dekonsantre ak kèk patnè entènasyonal tankou : Direksyon Depatmantal Agrikòl Nòdwès (DDANO), Direksyon Depatmantal Travo Piblik branch Nòdwès (DDTPCNO), Caraibean Development Bank ak Welt Hunger Hilfe, respektivman sinyen yon pwotokòl dakò pou reyabiliite twonson wout Pòdpè/Jan-Rabèl la, ki ta dwe egzekite nan yon peryòd 90 jou.

Pwojè sa a, ki pwal egzekite pou yon montan : 21.997.947.87 G, pral jwenn sipò teknik li bò kote Travo Piblik branch Nòdwès, ki genyen nan tèt li, Joseph Angelot Horacius.

Yon lòt bò, Agr Charité Louis, kap mennen tèt Direksyon Depatmantal Agrikilti Nòdwès la, pwal gen pou founi je gade sou egzekisyon travay la, epi kreye travay pou yon mendèv k ap naje nan chomaj.

Espere travay yo pap pwojè “makiyaj mete tè sou tè”, men pito rive fèt jan sa prevwa nan pwotokòl dakò a, abitan kap viv nan komin Pòdpè ak Jan-Rabèl, pwal petèt rale yon souf soulajman lè nou konsidere sityasyon difisil moun yo ap vwayaje sitou lè lapli tonbe.

Comments are closed.