Quiilson ak Fadia pa konnen ki sen pou yo rele aprè nesans yon triplèt plis 5 lòt timoun yo te deja genyen

1,305

03-04-2023

Jeremi, Ayiti_____(TRiboLAND) Quilson Julot 33 lane e Fadia Mitil 23 lane, amoure amourèz ki soti nan komin Abriko, Grandans, akouche yon triplèt jou kite 25 desann 2023 a nan komin Jeremi. Mirtil bay 3 marasa yo nesans nan lopital Sen Antwànn nan site poèt la.

Quiilson ak Fadia, te deja genyen 2 timoun; alòske Quiilson te deja genyen egalman 3 lòt ti inosan ak yon lòt fanm. Kidonk, chay sot sou tèt, tonbe sou zepòl; sa fè yo 8 pitit nan laj ke yo ye a.

Depi apwè akouchman an 3 ti bebe yo, fanmiy la ki tap viv sou lafwa redanntè beni, tap pran anpil sakad ekonomik. Konsa, fas ak anpil defi, mwayen yo pat pèmèt peye kay byen chè nan Jeremi. Yo te oblije demenaje e retounen andeyò pou kontinye fè fas ak chalenj.

 8 pitit pou okipe nan yon peyi ki yon veritab lanfè, pa genyen bouch pou pale. Pou Quiilson, se pa limenm ki ta vle sa! 3 bebe yo ap fè li moute syèl la alanvè; lèt, rad, daypè, sweyaj sante e latriye, se pa dan kap griyen.

Papa ak Manman an konsène a, vle apwoche sa yo ki kapab bay kout men, nan nenpòt fason, fè li pou lapatri. Li profite voye yon gro chay remèsi bay fanmiy Accimé, ki se yon natif Senlwidinò ki te miltipliye efò pou asiste yo ak dinyite byen lwen jis nan Grandans atravè TRiboLAND. Pou tout kontak ak fanmiy lan, rele nan 39132359 oubyen 44937131.



Comments are closed.