Yon Sena ki pap jwe wòl Sena vote yon lwa sou pote zam

0 392

PÒTOPWENS__(TRiboLAND) Ayè Mèkredi-a, Sena ki pap jwe wòl Sena-a vote 100% sou lwa pou moun pote zam an Ayiti. Demach sa ta ka genyen anpil apwesyasyon si sèten manm nan kò sa-a pa ta genyen klamè piblik sou konivans yo genyen ak gwoup gang e acha ak distribisyon zam atravè peyi-a.

Li difisil pou moun pwan oserye desizyon yon enstitisyon ki pa fè lòt bagay sinon ke rine resous peyi-a; mete avèk egzekitif pou enstitisyonalize mouvman gang anndan peyi; pèsonalize ou kraze tout enstitisyon etatik nan peyi-a; e egzèse abi otorite sou yon popilasyon ki mandate-yo.

Si se pou lwa, pa genyen peyi ki gen lwa pase peyi Dayiti! Men malerezman yo pa janm respèkte. Yon lòt fwa ankò demach swadizan Sena repiblik-la pap abouti a anyen; dayè, se yon show biznis ke nap asiste-la ankò. Nan swadizan atik 64 ki pwevwa gwo sanksyon ki makònen avèk vyolasyon sou pote zam, li senpleman fèt sèlman sou baz pou sible ti malere inosan ki pa genyen pou wè ak komès, vwayaje, e distribisyon zam.Tandiske, gwo zwazo ki chita nan Palman an, nan pouvwa egzekitif-la, nan sèktè boujwa-a ki nan kontrebann ak mouvman waf pwive pap gen anyen pou wè ak respè lwa sa-a.

Nap mande Sena ki pa Sena-a e ki pwèske trepase-a, fè yon ti kanpe nan ridikilize tèt yo avèk yon seri tèm de lwa ki pa di tou reflete reyalite tèrè ak dèy ke swadizan pouvwa lejislatif ak egzekitif-la lage peyi-a. Simagri Sena-a te kapab genyen ti kal kredibilite se si Sena ki pa Sena-a te arive kòmanse ap netwaye devan pòt lakay-li; anlve enpinite de yon seri Senatè ki gen men yo tranpe ra kou nan kòripsyon, aktivite malfèktè, trafik zam ak katouch, men miz sou tè moun, ak abi otoritè. Konsa, petèt moun ta yon ti jan pwan bagay sa oserye!

Se pa premye fwa Sena sa ki pa Sena-a ap parèt avèk lwa; malerezman yon pa janm arive fè yon oto-evalyasyon sou konpetans moral yo antan ke swadizan pouvwa. Ki sa ki pase ak yon seri lwa tankou: sale minimòm, lwa sou kontrebann, ak anpil lòt …….? Eske lwa sa yo respekte? Li enpòtan pou swadizan pouvwa Leta-a ki efondre-a rekonèt li an plènn defisi moral; lap ekstrèmeman difisil pou yon pèp mete fwa nan moun ki nan aktivite ZKG (zam, kòripsyon e gang), e kap detwi vi-l e fèl kriye chak jou!

Leave A Reply