Kòdonatè Kazèk 5èm seksyon Bono a, Elmond Mezidor mouri aswè a nan lopital Beraka Lapwent

1,128

03-04-2023

Lapwent Dèpalmis, Ayiti_____(TRiboLAND) Se rèl nan diferan bitasyon nan Bono aswè samdi 4 mas 2023 a, lè nouvèl lanmò kòdonatè kazèk Elmond Mezidor kase kè rezidan yo nan komin nan.

Aprè ke li te malad e ospitalize pou yon bon ti bout tan nan lopital Beraka nan Lapwent Dèpalmis, nan depatman Nòdwès peyi a, kazèk Elmond Mezidor trepase e travèse nan direksyon Loryan Etènèl aswè samdi 4 mas 2023 a.

Mezidor ki te toujou antouzyastik pou ede kominote li, pati ak anpil regret ak rèv inacheve ke li tap kontanple pou yon pi bèl kominote. Komin Bono pèdi yon gro pitit gason kap rete nan memwa sitwayen yo.

Kondoleyans a diferan manm nan fanmiy la, ak zanmi afekte yo. Ke nanm kazèk la, repoze nan lapè etènèl.

Comments are closed.