Depi kèk mwa veritab se pwensipal nouriti responsab prizon sivil Jeremi itilize pou pou peze grangou prizonye yo.

470
0
Share:
TRiboLAND

Triboland.com

Jeremi, Ayiti_____(TRiboLAND) Akòz pa genyen pwovizyon alimantè ki sòti nan Pòtopwens pou kwit manje bay prizonye yo nan prizon sivil Jeremi an, responsab prizon an, komisè divizyonè Milien Obès, apwann TRiboLAND.com ke li oblije mache nan milye riral yo, pou mande abitan ou peyizan yo lam veritab pou sove grangou prizonye san fanmiy yo ki pa menm genyen moun kap pote ti kichoy pou yo.

Pou responsab prizon an, si se pat pwogram lam veritab lan, anpil nan prizonye yo tap deja mouri ak grangou. Mesye Milien te kontinye rabat pou li di, jwen lam veve a se youn, men jwenn sèl, chabon ouvgaz pwopann pouk wit li, se yon lot malmakak. Konsa, dwa moun pa sispann vyole fas ak tout pwoblèm sila yo. Kidonk, anpil òganizasyon kap defann dwa moun, mande leta koupyon an, sispann vyole dwa prizonye yo nan prizon sivil Jeremi an.

Share:

Leave a reply