Nofwaj batiman, o mwens 28 konpatryòt Ayisyen mouri tèt nèg nan Bahamas

0 386

02-03-2019

Rechèch ak operasyon pote sekou te kontinye pandan jounen Dimanch lan; e yo te jwenn sipò helikoptè U.S. Coast Guard ak Fòs Defans WayàlBahamas la kite mobilize plizyè plonjè kite arive rale moute yon lòt 15 lòtkadav ankò nan batiman an kite anba dlo. Selon deklarasyon chèf Fòs DefansWayàl Bahamas la, Jonathan Rolle bay jounal Miami Herald nan Florida pandan ke yap rapouswiv avèk operasyon pote sekou yo, genyen jiska prezan 17 moun ki rive chape.

Nofwaj la fèt Samdi douvanjou lòske batiman an kite pote moun sayo ta-l echwe sou yon resif a si kilomèt moso tè Abako a nan zònn Nò Bahamas. Moun ki abite sou zònn kotyè Abaco te konfime ke yo te wè kèk kadav ki tap flote nan antre zònn Marsh Harbor nan Abaco

Pandan se tan, fanmiy Nòdwès la andèy; gen gwo rèl dezolasyon ak gwo enkyetid sou batiman sa a ki te pran dirèksyon Bahamas ayè Lindi a nan Meance dezièm seksyon komunn Anse a Foleur e pi ki te gen abò li 80 pasajè keTinèg (kapitènn) tap pilote. Enfòmasyon ta vle fè kwè batiman an ta fè nofwajnan dlo sale Atlantik la e yo fè eta de 14 moun ki chape bèl e avèk sipò U.S.Coast Guard e yap pran swen nan yon lopital local. Yon chif ki prèske padepaman de chif responsab Fòs Defans Wàyàl Bahamas la.

Triboland Staff writer

Leave A Reply