Yon mwa e kèk jou apwè yon bebe te disparèt nan matènite lopital Sentantwann Jeremi, minis sante piblik la visite lopital lan.

325
0
Share:
TRiboLAND

10- 08- 2026

Jeremi, Ayiti_____(TriboLAND) Apwè yon mwa senk jou endidividi ke moun pat rive idantifye te finn volè yon bebe nan matènite lopital Sentantwann Jeremi an, minis sante piblik ak popilasyon pou gouvenman Fils Aimé a, doktè Sinal Bertrand vizite enstitisyon lopital la nan kad pou ankouraje limyè fèt sou disparisyon bebe manman 16 lane a ki te yon minè.

Nan deklarasyon doktè Sinal fè nan laprès pandan pasaj li, fè konnen fanmi pwòch manman bebe a dwe rann kont devan lajistis parapò a responsabilite yo te genyen pou veye bebe a sitou nan moman manman pitit lan te al nan jènn nan lakou lopital lan. Sa, se enfòmasyon ke minis lan ta fè konpwann li jwen nan yon seri ankèt ke li te mennen li menm.

Li ajoute pou li di, pozisyon kòdonatè inityativ kont trèt ak trafik moun (IDETTE) Gerald Guillaume pwan sou dosye, pa ta dwe entimide pèsonèl sante yo nan Grandans. Bertrand ale pi lwen pou li di ke demach Gerald Guillaume lan enskri nan yon kontesk konplètman politik; pandan ke li ankouraje lajistis fè travay li san ekate pèsonn.

Share:

Leave a reply