ESDROJ nan tèt kole ak plizyè lòt kominote òganize yon Konferans Deba sou tèm “Sekirite ak Dwà Moun”

192
0
Share:
TRiboLAND

Jeremi, Ayiti______ (TRiboLAND) Lekòl Siperyè Katolik Dwa nan Jeremi, nan konkòday ak plizyè antite, òganize yon gwo Konferan Deba nan Jeremi jounen jodi madi 10 desanm 2024 la, sou tèm sekirite ak dwa moun nan peyi Dayiti.

 Responsab Leta ak kominote entènasyonal la, sekretarya jeneral Lekòl Siperyè Katolik Dwa nan Jeremi, ofri yo sòlòkòtò ki te benefisye patisipasyon divès delegasyon etidyan ki te sòti atravè lòt inivèsite nan depatman Grandans lan. Diskisyon yo tap vale teren, alòske anbyans kesyon repons yo te byen anime anndan lokal ESDROJ an nan vil Jeremi.

Sekretè jeneral la, ki se Mèt Bergemane Sylvain ki tap pran lapawoli, te fè konen yo chwazi tèm sila, nan okazyon 10 desanm lan , ki se Jounen Entènasyonal Dwa Moun. Tout sa antre nan kad sansibilize sosyete a, jènn inivèsitè yo sou kesyon vyolasyon dwa moun , ak Responsablite Leta Ayisyen ak kominote entènasyonal lan.

Share:

Leave a reply