Grandans: Aksidan sikilasyon nan komin Wozo.

1,109

07-15-2023

Wozo, Ayiti____(TRiboLAND) Yonn pami otobis konpayi Dyekidesid, ki fè transpò Jeremi-potopwens, fè aksidan aprèmidi vandredi 14 jiyè 2023 a, nan zonn Kafou Tima, lokalite ki nan komin Wozo.

Otobis lan ki tap soti Potopwens nan direksyon vil Jeremi, te chaje ak pasajè e machandiz. Konsa, rive nan tèt mònn Kafou Tima, otobis la pèdi fren e kandale desann jous li chavire tèt nèg.

Bilan, yon moun mouri sou plas, anviwon yon dizènn lèzot blese grav, e sèvis anbilans nan jeremi te rann yo sou plas, yon mannyè pou te pote sekou ak transpòte blese yo nan lopital Sentantwann, nan Jeremi.

Kek moun ki temwaye nan mikro TRiboLAND, fè konen depi sou prezidans Duvalier yo, te konn genyen sèvis enspeksyon ki fè sou wout yo, yon fason pou gade eta sante machinn yo. Tandiske moun yo fè konnen, vinn genyen plis posibilite, alòske ke leta pa fè absoliman anyen.

Comments are closed.