Direksyon nasyonal dlo potab DINEPA efektye yon vizit dèlye nan komin Senlwidinò.

787

02-28-2023

Senlwidinò, Ayiti___(TRiboLAND) Rezo nasyonal dlo potab, OREPA, branch Nò efektye yon vizit tèren jodi madi 28 fevriye 2023 a, nan objektif pou mete yon rezo dlo avèk plizyè antrepriz ki pral itilize espas konstriksyon an.

Selon enjenyè Gito Sanma, konstrisyon sa pral pèmèt pwoblèm dlo potab la rezoud nan komin Senlwidinò. Direktè meri a, Jude Alcindor ankouraje responsab DINEPA yo pou yon aprèy pwojè. Li swete li ateri e vrèman reponn ak bezwen popilasyon nòlwizyèn, ki chita sou karans dlo potab.

Pierrilien Nicol Colly

Comments are closed.