Enspektè prensipal distri eskolè, Jean Souffrant prezante yon nouvo pwojè pou rezoud kriz gouvènans nan distri Senlwidinò a

1,089

01-03-2023

Senlwidinò, Ayiti___(TRiboLAND) Nan yon rankont ak laprès madi 03 janvye 2023 a, enspektè prensipal distri eskolè Senlwidinò a, Mèt Jean Souffrant, prezante yon nouvo plan pou rezoud pwoblèm gouvènans ki egziste nan distri a depi anvan lanmò prezidan Jovenel moise la.

Yon distri politik 2 grenn goch lakoz direksyon an ap administer anba yon konsèy 3 enspektè zòn; tandiske enspektè prensipal nome a, ap touche chèk li chak mwa san’l pat vin travay.

Ak anpil volonte ak devouman pou distri a, enspektè Souffrant  efetye yon evalyasyon sou admistrasyon an ki fasilite li chapante yon pwojè ou yon fèy dewout pou amelyore deriv yo.

Yon lòtbò enspektè Souffrant plede anfavè 3 lekòl piblik ki an konstriksyon e ki pa kapab inogire akoz gazpiyaj ak gagotaj ki genyen nan admistrasyon leta yo. 

Pierrilien Nicol Colly

Comments are closed.