Rivyè-dè-Nèg nan Senlwidinò, yon seksyon kominal ki rich an potansyalite.

1,206

11-21-2022

Senlwidinò, Ayiti_(TRiboLAND) Rivyè-dè-Nèg, premyè seksyon kominal Senlwidinò chaje ak potansyalite pami yo, sous apovizyonman dlo potab.

Ki apò dlo a kapab pote anplis pou seksyon kominal Rivyè-dè-Nèg la? Genyen anpil sous dlo ki rete ineksplore nan yon seri rejyon avwazinant Senlwidinò. Se yon seri potansyalite ki ap gaspiye anba je swadizan yon Leta moribon ki pa kòpòte li an dimansyon otorite responsab nan ankadre ou promote projè striktirèl nan kad kaptaj sous dlo sa yo ki la kòm biblo; alòske a 3-4 kilomèt, se penuri dlo ak secherès kap fè lalwa.

“Kaptaj sous dlo”, se projè ki garanti gro eksplozyon ou sufizans prodiksyon agrikòl; yon senp sèvis kaptaj tap pèmèt yo pran majorite dlo rivyè yo pou kanalize yo nan tout mòn yo; lè nou konsidere se yon rejyon ki esansyèlman agrikòl.

Konsa peyizan yo nan premye seksyon kominal la, ta pral ankouraje travay epi fè plis danre pou voye vann lavil. Sa ki tap lakòz yon soulajman bò kote peyizan yo.

Yon lòt bò, li se egalman yon sous pou debouche endistriyèl ki kapab favorize ou jenere non sèlman komèsalizasyon dlo distiye ou trete, men tou fasilite kwasans anplwayabilite ankourajant. Yon izin kap prodwi dlo trete nan komin nan tap kontribye nan amelyore sante rezidan yo e menm bese pri dlo trete a sou mache lokal la.

Li enpòtan pou konnen, gen plizyè peyi tankou Bahamas, Izrayèl, Larisi e latriye ki menm itilize metòd desalinizasyon pou fasilite eksplwatasyon ou alimantasyon dlo; sa vle di, yo retire tout sèl ki nan dlo lanmè a e yo ran n li potab pou moun ka bwè. Kontrèman a nou menm ki genyen yon seri sous dlo òganik ki neglije eksplwate. Rivyè-dè-Nèg, yon seksyon kominal rich anba men yon seri lidè san vizyon!

hyppolitegenson8@gmail.com

Comments are closed.