Konstriksyon batiman pou loje Lise Jean Marie Lamenais a ta sanble pap acheve.

1,095

03-21-2023

Senlwidinò, Ayiti___(TRiboLAND) Yon batiman ki gen plizyè ane depi l an konstriksyon ap trennen nan komin Senlwidinò. Konsa, elèv lekòl Lise Jean Marie Lamenais te oblije loje nan yon lokal Leta Ayisyen te konstwi pou loje mache piblik kominal la komin nan tanporèman.

Antouka, jiska prezan aprè plizyè ane, elèv yo ap mal fonksyone nan espas mache a; alòske machann yo pa konnen ki sen pou yo rele pandan plizyè ane anba flanm solèy cho ak fredite lapli. Nan rete tann, tout moun tounen pwa tann! Sa ki pi rèd la, konstriksyon an pa sou fini e se aktivite kèpòpòz kap regle.

Selon kèk sitwayen nan komin Senlwidinò, yo pap pran tan desann nan lari pou proteste kont tout responsab iresponsab ki pa voye je gade kondisyon elèv lekòl yo ak machann ki deplorab.

Pierrilien Nicol Colly

Comments are closed.